Bonjour,
Voici des ressources pédagogiques contenant des exercices sur la notion de Constituants de la Phrase
http://www.francaisfacile.com/exercices/exercice-francais-2/exercice-francais-44446.php
http://www.francaisfacile.com/cours_francais/exercices-sur-les-constituants-de-la-phrase-simple
http://profvirtuel.free.fr/elementaire/orl%20interactif/reducphrase.htm
Espace d'enseignement et d'apprentissage pour les étudiants de la Faculté de Linguistique Applquée Niveau I AM
mercredi 12 décembre 2012
samedi 24 novembre 2012
Ressources sur Les Constituants de la Phrase
Bonjour,
Voici des ressources pour le cours "Constituants de la Phrase"
http://archives.limsi.fr/Individu/habert/Cours/PX/ProprietesDesLanguesArticle/node4.html
Constituants de la Phrase Simple
http://www.keepschool.com/cours-fiche-Les_constituants_de_la_phrase_simple.html
Constituants de la Phrase Complexe
http://sites.univ-provence.fr/wclaix/touratier/analyse_en_CI.pdf
Jean Pierre ANTOINE
Constituants de la Phrase Simple
Voici des ressources pour le cours "Constituants de la Phrase"
http://archives.limsi.fr/Individu/habert/Cours/PX/ProprietesDesLanguesArticle/node4.html
Constituants de la Phrase Simple
http://www.keepschool.com/cours-fiche-Les_constituants_de_la_phrase_simple.html
Constituants de la Phrase Complexe
http://sites.univ-provence.fr/wclaix/touratier/analyse_en_CI.pdf
Jean Pierre ANTOINE
mardi 13 novembre 2012
Tèks e Kontèks
Bonjou,
Men resous ki konsènen kou demen 14 novanm 2012 la.
Men resous ki konsènen kou demen 14 novanm 2012 la.
Fakilte Lengwistik Aplike
Inivèsite Leta Ayiti
Analiz tèks kreyol
A.
Tèks
Yo defini kòm tèks yon gwoup fraz ki mare ansanm pou eksprime yon lide, yon
panse ou yon reyalite.
Pou gen tèks fòk gen :
1)
Yon
bi, yon objektif : sa vle di otè a deside aji sou emosyon, fason ak konpòtman
lektè a;
2)
Yon sijè ki trete selon fòm tèks la;
3)
Yon lektè otè a imajine
4)
Yon pakèt fraz ki lye youn ak lòt
Tèks se yon pakèt
enonse ki mete tèt yo ansanm pou yo di yon bagay byen presi (Jean-François
Jeandillou). Dèke yo ap pale de
tèks ekri nou wè devan nou yon kanal. Yo rele kanal sipò materyèl yo
sèvi pou fè mesaj yon tèks pase, donk nou vle di dispozisyon vè ak estwòf nan
powèm, paragraf oubyen chapit nan pwoz.
Nou we yon lot kote yon destinatè, ki pa la fizikman, men nou an
kontak avèk li lè nou konnen non otè tèks la (sou kouvèti yon liv oubyen nan
fen yon atik jounal) ou ankò, nan teyatak liv woman, lè nou jwenn non pèsonaj
ki ap pale yo (chak fwa youn pran lapawòl). Nan ka sa nou pale de yon endikasyon
lengwistik (yon non pwòp) ki ede nou we klè kote sous mesaj la sòti. Sinon
destinatè a ap rete yon enkoni, jan nou we sa nan anpil woman : yon vwa san
idantite.
Lektè a menm (ki se moun otè a ekri tèks la pou li a) nou rive idantifye li
alèd yon pakèt endis vizib (nominatif oubyen deskriptif). Yon tèks toujou
genyen yon referan. Se konsa chak tèks plase sa li ap pale de li a nan
yon domèn ki se fòm tèks la sèvi avèk li kom bousòl. Li kapab gen ladan yon
bann tradisyon oubyen bagay ki nouvo.
Yon tèks konstui avèk yon baz ki pèmèt ou bay tèt ou yon oryantasyon lè ou
ap li li. Yo rele sa fonksyon metalengwistik. Tèks la genyen yon pòte refleksif, li pèmèt ou jwenn limyè sou
pwòp sistèm yo itilize pou kodifye mesaj la.
Pou fini, nou ap pale sou tèks ki santre sou mesaj yo ap fè pase a. Lè sa
yo mete plis aksan sou fòm mesaj sa ap pran. Nan ka sa nou
pale de fonksyon powetik yon tèks. Fòm mesaj la ap gen plis enterè pase kontni
mesaj la.
- Kontèks
Yo rele kontèks tout sa ki ap tounen
otou yon mo, yon gwoup mo, yon fraz osinon yon swit fraz.
Lè ou gen yon fraz ki poukont li, li difisil pou ou
konnen sa chak mo vle di. Pa
egzanp : li ranmase yo mete ladan li. Nou pa ka
konnen ki sa li, yo ak li reprezante si nou pa genyen nan
yon pati anvan an : Jak te wè boutèy yo bò panye a.
1.1. Sans
ak siyifikasyon
Yo di souvan sans ak siyifikasyon se sinonim : ki sans oubyen ki
siyifikasyon fraz sa a ? se ta “di sa fraz la vle di”. Men lè nou gade nan Dictionnaire encyclopédique de pragmatique,
Seuil, 1994, p. 22), nou wè Siyifikasyon
depann de rapò siyifye « apstrè » yo genyen avèk chak grenn mo ki met
tèt yo ansanm pou fòme yon fraz.
Si nou ta pran fraz sa a « pran liv sa » nou ap jwenn yon
siyifikasyon estab tout moun ka eksplike gras ak menm konesans wòwòt nou ta ka
genyen sou lang nan. Premyèman valè leksikal vèb ak non ki nan fraz la;
dezyèmman valè gramatikal enperatif la. Toulède valè sa yo konbine pou fè yon
lokitè natif entèprete sekans lengwistik sa. Si nou pran fraz sa andeyò tout
kontèks, nou pap ka idantifye destinatè (moun yo pase lòd la) ni de ki liv yo
ap pale. Nou ap wè Sans fraz la klèman lè nou rive jwenn nan ki
kondisyon yo te di li : lokitè a, moun li te di fraz la (sètadi Daphline), ki kote, ki lè ak
nan ki sikonstans; nou ka wè enonse sa ap pran yon sans diferan mèmsi
siyifikasyon an ap rete menmjan an. Sof nan ka kote lokitè a ta moutre li ap
jwe oubyen li ap pase lòt moun nan nan betiz, lè sa sans fraz la ap envèse
siyifikasyon li ta ka genyen an.
Si fraz, ki se yon antite apstrè nan domèn sentaks, genyen
yon siyifikasyon ki sòti nan règ lang menm, li vin pran yon sans otomatikman li
tounen yon enonse kote ou rive tande
li nan yon sitiyasyon reyèl kote moun ap pale.
Se poutèt sa, anmenmtan nou ap fè yon etid lengwistik lè
nou ap analize tèks, nou dwe fè atansyon ak eleman kontèks yo ap bay kòm
materyo pou elabore yon tèks.
Yon tèks gen yon dimansyon pragmatik ki mande pou pran plis
an konsiderasyon jan ankodè a sèvi ak lang nan ekriti li olye pou nou ta rete
bloke sou jan gramè lang nan fonksyone. Jwenn sans yon tèks pa chita sèlman nan
kontni semantik eleman lang nan, paske yon mesaj pa bay tèt li san tousèl : se
otè a ak lektè a yo menm ki ba li yon sans, yo chak bò kote pa yo. Pou yon moun
byen abòde yon tèks fòk li mete nan tèt li tou lide ke tout bagay pa di klèman
nan yon tèks. Yo rele sa Enplisit,
li parèt sou fòm presipoze oubyen sou
fòm souzantandi.
Presipoze : sans klè enonse a (sa ki di a) gen ladan li yon
enfòmasyon,ki pa parèt,ke ou ap jwenn san traka
Egzanp : Tizoulit kite bwè kleren.
Fraz sa presipoze nesesèman ke Tizoulit te konn bwè kleren.
Nou wè klèman presipoze sòti dirèkteman nan siyifikasyon
lengwistik, tandiske souzantandi depann de sitiyasyon enonsyasyon e li
plizoumwen fasil pou entèprete.
Jean Pierre ANTOINE
lundi 12 novembre 2012
Programme du premier semestre
Bonjour,
Voici le programme du Cous de Français pour ce premier semestre
Voici le programme du Cous de Français pour ce premier semestre
Module
1
La
phrase
1.1-
Les
types de phrase
1.2-
Les
formes de phrase
1.3-
Les
constituants de la phrase
1.4-
Phrase
nominale / Phrase verbale
1.5-
Phrase
simple / Phrase complexe
Types de phrase
Objectif
spécifique : À la fin de la séance l’étudiant doit être capable
de produire tout type de phrase dans n’importe quelle situation de
communication.
Jean Pierre ANTOINE
Votre Professeur de Français de mise à niveau
Silabis ak metodoloji ATK
Bonjou,
Men Silabis kou ATK a
Men Silabis kou ATK a
Fakilte Lengwistik Aplike
Inivèsite Leta Ayiti
Analiz tèks kreyol
Ane akademik 2012-2013
1.
Kad konseptyèl ak objektif kou a.
Kou ATK a ap bay etidyan Fakilte Lengwistik Aplike yo
tout metòd, tout zouti syantifik nesesè pou yo analize tèks anjerenal e tèks
kreyòl anpatikilye. Gras ak kou sa a etidyan yo ap kapab dekouvri tout ladrès
yon otè itilize pou li ekri yon tèks. Yo ap genyen kapasite pou ekri nenpòt
tèks kelkeswa tip la; kit yo anpwoz oubyen anvè. Zouti kou sa ap mete nan men
etidyan yo ap bay yo tou kapasite pou yo sèvi ak konsèp syantifik pou konprann
diferan tip tèks : tèks agimantatif, woman elatriye. ATK se yon kou ki pèmèt
etidyan konprann, detaye (analize), ekri (pwodwi tèks) ak apresye tout sa ki se
tèks oubyen sa yo pwodwi alèd yon tèks : tankou apresye, kritike yon fim, yon
enfòmasyon nan yon jounal ak tout sa ki mande refleksyon.
Kou sa a se baz lòt kou etidyan yo ap bezwen nan lòt nivo
yo : Semyotik, Lengwistik e Literati
san nou pa bliye yon kou enpòtan yo rele Analiz
Diskou.
Zouti nou mete nan men etidyan FLA yo pa depaman ak zouti
yo sèvi pou analize tèks ak pwodwi li yo nan tout lang moun pale sou latè.
Nan fen kou a, etidyan yo ap kapab an mezi pou analize ak
konpoze divès tip tèks ; kit li oral kit
li sou yon sipò.
2.
Kontni
·
Tèks
ak kontèks
·
Tip
tèks :
- esplikatif
- enfòmatif
- agimantatif
- enjonktif
- naratif
- entèvyou
·
Prensip
fondamantal
- inite sijè
- repriz
enfòmasyon
- òganizasyon
ak pwogresyon enfòmasyon
- absans
kontradisyon
- pwennvi
·
Mak
òganizasyon tèks
- tit ak entèliy
- paragraf
- mak tipografik
·
Eleman
òganizatè
- sekans tèks
- paragraf
- òganizasyon tèks
·
Òganizasyon
yon tèk san :
- sekans naratif
- sekans esplikatif
- sekans deskriptif
- sekans agimantatif
·
Modelizasyon
·
Mak
modalite
3.
Demach ak aktivite
·
Kou,
esplikasyon, diskisyon;
·
Espoze
etidyan yo fè;
·
Devwa
nan klas.
4.
Evalyasyon
Prezans ak
patisipasyon
10%
Rechèch, dewva
ak espoze 30%
Egzamen
final
60%
Bon travay akademik!
Pwofesè : Jean Pierre Antoine
dimanche 14 octobre 2012
Imminence d'une nouvelle année académique
Bonjour,
Nous nous préparons déjà pour les nouveaux étudiants de la FLA à venir
Jean Pierre Antoine
Nous nous préparons déjà pour les nouveaux étudiants de la FLA à venir
Jean Pierre Antoine
jeudi 11 octobre 2012
Inscription à :
Articles (Atom)