mardi 27 juin 2023

Tip tèks

Bonjou,

Kòm nou pat gentan fin wè tout tablo ki gen tip tèks yo, al nan gwoup fesbouk kou a pou nou ka telechaje paj wòd ki genyen yo a.

Mèsi.

Jean Pierre ANTOINE

lundi 26 juin 2023

Accord du Participe passé

Bonjour à tous,

Je vous propose ce résumé sur les accords du Participe Passé qui pourrait vous être très utile.


                                                      Accord du participe passé

Certaines difficultés sont à signaler.


1) Le complément d'objet est un pronom neutre :

Ex.: Elle est meilleure que je ne l'aurais cru

2) Le complén'est pas un objet direct mais un circonstanciel :


Ex.: Les cents euros que cela m'a couté.

3) Le verbe impersonnel :

Ex. : La pluie qu'il y a eu.

4) Le participe a pour complément un infinitif ou lui-même complété :

Ex. 1 : Les airs que j'ai entendu jouer.

      2 : Les musiciens que j'ai entendus jouer.

N.B. Car que (airs) en 1 ne est pas un COD de entendre; mais que en 2 qui représente les musiciens est bien un COD de entendre.

Enfin, pour les verbes pronominaux, lidentification du COD est parfois difficile :

Ex. 1 : Ils se sont entraidés (se est un COD)
      2 : Ils se sont lavés (se est un COD)
      3 : Ils se sont lavé les mains
      4 : Les mains qu'ils se sont lavées.

N.B. Les mains est un COD antéposé ou postposé.

Mais en 5 : Ils se sont plu (pas de COD, mais se est un COI), donc pas d'accord.

Merci à tous ceux qui ont eu l'amabilité de visiter le blog avant l'examen final, car ceci leur sera profitable.

Bien à vous tous,

Jean Pierre ANTOINE,


Votre Professeur de Français.

dimanche 26 février 2023

Types / formes de phrases

Bonjour,


                                                                 Types de Phrase

Quand un locuteur s'adresse à son interlocuteur, il le fait dans une intention bien arrêtée. Selon le cas, il veut apporter une information, poser une question ou donner un ordre. Ces intentions fondamentales se traduisent par des types de phrase différents : déclaratif, interrogatif, exclamatif ou injonctif.

A. La phrase qui est de type déclaratif est employée par le locuteur pour livrer une information, annoncer un fait : l'interlocuteur est invité à prendre position (d'accord ou pas d'accord).

B. Le type interrogatif est employé par le locuteur pour formuler une question : l'interlocuteur est invité, dans ce cas, à fournir :
- une réponse exprimant une confirmation ou un refus, dans une interrogation totale. On peut y répondre par oui ou par non, par si ou par non si la question comporte une négation.
- un complément d'information dans le cas d'une interrogation partielle.

C. Le type injonctif est employé par le locuteur pour exprimer un ordre (Sortez!), une défense (Quoi qu'il advienne, ne me suis pas), une prière (Oui, parlez-moi d'amour), un conseil (Ne le plaignez pas trop).
Verbe : impératif (mais aussi à l'infinitif : ne pas fumer) ou à la 3ème personne du subjonctif (Qu'il entre!) formule un ordre ou une défense.

D. Le type exclamatif exprime les sentiments du locuteur. Ces sentiments peuvent être de diverses natures : joie, colère, douleur, surprise, soulagement,etc. :
- Nous en avons assez! (Phrase déclarative et exclamative)
- Il est l'heure : allez, levez-vous! (Impérative et exclamative)
- Y comprends-tu quelque chose? ! (Interrogative et exclamative)

                                                                   Formes de phrase

Quand on dit phrase, il n'est jamais simple comme le commun des mortels le croient. Une phrase peut être verbale ou non verbale, simple ou complexe, selon le type (que nous avons déjà étudié) elle peut être aussi déclarative, interrogative ou injonctive. Il est également possible de prendre en compte sa forme.

On distingue quatre formes de phrase principales, regroupées par paires, elles se combinent avec chacun des types de phrase.

1. Les formes positive / négative
Une phrase est négative quand elle compte dans sa structure une négation : l'adverbe négatif ne, en corrélation le plus souvent avec un autre adverbe (pas, point, guère,jamais,plus, etc.), un pronom (rien, personne, aucun, nul).
   Ex. : Il ne vit pas pour l'argent.

2. Les formes active / passive
Dans une phrase passive le sujet subit l'action exprimée par le verbe. La phrase passive est également caractérisée par :
- une forme verbale composée de l'auxiliaire être et du participe passé du verbe concerné.
- un complément d'agent, précédé de la préposition par (ou de) et désignant l'agent de l'action; celui-ci cependant n'est pas toujours exprimé.
   Ex. : Des bordées d'insultes furent jetées de part et d'autre en rafales et en trombes.

On emploie la forme passive quand on veut attirer l'attention sur l'être ou la chose qui subit l'action (ici, des bordées d'injures).

3. Les formes neutre et emphatique
Une phrase emphatique se distingue d'une phrase neutre en ce qu'elle contient un procédé de mise en relief de l'un de ses constituants. On peut citer au moins quatre procédés de mise en relief :
- l'emploi d'un présentatif (c'est... qui / que; il y a ... qui / que; voilà ... qui / que)
- le déplacement d'un constituant en tête de phrase (le plus souvent, il s'agit d'un complément circonstanciel) :
  Ex. : Aux billes, c'était lui qui avait le plus de pouce.
- le doublement d'un constituant de la phrase par un pronom :
  Ex. : Ce que fut le devoir d'application qui suivit cette première leçon, on l'apprendra plus tard.
- l'accumulation (figure de style qui consiste en l'énumération d'éléments juxtaposés ou coordonnés) :
  Ex. : Têtu comme une mule, malin comme un singe, vif comme un lièvre, il n'avait surtout pas son pareil pour casser un carreau à vint pas.

4. Les formes personnelles et impersonnelle
La phrase dont le sujet ne désigne rien ni personne est une phrase de forme impersonnelle, autrement dit s'il s'agit du pronom impersonnel il :
  Ex. : Il y eut comme d'habitude quelques bonnes bousculades dans dans le couloir, des bérets échangés, des sabots perdus, des coups de poing sournois.

Remarque : Dans le cas où le verbe est occasionnellement impersonnel, le pronom il, appelé alors sujet grammatical, remplace un sujet logique.
  Ex. : S'il passe des gens et que ça les gêne, ils m'auront qu'à ne pas regarder. Si des gens passent...

On emploie la forme impersonnelle pour mettre l'action du verbe en évidence.

Cliquez sur ce lien pour accéder à un document sur les Types et Formes de Phrases
http://www.ralentirtravaux.com/lettres/cours/types_formes_phrases.php

Voici maintenant quelques exercices en ligne
http://www.francaisfacile.com/cours_francais/exercices-types-et-formes-de-phrases

Formes Affirmative/Négative
http://www.francaisfacile.com/exercices/exercice-francais-2/exercice-francais-24405.php


Jean Pierre ANTOINE

mardi 14 septembre 2021

Modèl analiz

Fakilte Lengwistik Aplike
Inivèsite Leta Ayiti
Analiz tèks kreyol

Plan pou analize yon tèks

A – Aspè semyotik
  1. Prezantasyon tèks la
-          Non otè a, gwoup la oubyen chantè a
-          Tit tèks la
-          Karyè otè a
-          Ane tèks la sòti
-          Nonm paragraf, kantite liy
-          Sou konbyen kolòn tèks la prezante
  1. Kondisyon reyalizasyon tèks la

B – Aspè lengwistik
  1. Fonetik-fonoloji : Asonans, Aliterasyon
  2. Mòfosentaks :
-          tip / fòm fraz yo
-          vèb : mòd, tan
-          mo lyezon
-          pwosede repriz : pwonon, repetisyon, repriz ki fèt ak anafò oubyen katafò



CH- Aspè leksiko-semantik
  1. Chan leksikal / chan semantik
Denotasyon / konotasyon
  1. Vokabilè ki make jijman, opinyon ak santiman
-          Figi estil


D- Aspè sosyolengwistik
-          Rejis / nivo lang
-          Kategori sosyal
-          Entèferans leksikal
-          Eslogan alamòd

E- Opinyon pèsonèl aprè analiz
  1. Enpòtans tèks la
  2. Nivo didaktik tèks la
  3. Nivo kritik tèks la










Nou pap dòmi bliye
I.
Nou pap dòmi bliye
Tout nèg ki te tonbe
Nan chen manje chen
Kote libète
Tounen flè sonje
Nan koze malere.

Si nou vanse devan,
Se devan pou n rete.
Rale kò n dèyè,
Se vole gadyè.
Nou vanse devan
Pou n pa manje sote.

Dèyè mòn gen mòn
K ape
Kanpe pi wo.
Dèyè mòn gen mòn 
Boujwa anba pye
Malere.

II.
Gade solèy nan je,
Se plezi neg ki brav.
Kout zam ap tire,
Mache tèt bese
Se viv pitiman
Vlope nan rad kapon.

Foul moun te rasanble
Lè Peral t ap goumen
Pou n pat rete
Bouki dan griyen
Ak yon Ayiti
Rad chire, toutouni.

Dèyè mòn gen mòn
K ap
Kanpe pi wo.
Dèyè mòn gen mòn.
Boujwa anba pye
Malere.

III.
Yon jou nèg va kanpe
Pou yo ka jwenn yon jan
Pou ti Jan manje
San gwo Jan pa di
Taks sou pitimi
Kouray o vye nèg yo

Jodi a, se twòkèt
Men li deja twò lou
Gwo chay la dèyè,
Nou bezwen ponyèt
Pou ride n leve
Yon biskèt tonbe.

Boujwa anba pye
Malere.

                       

                                                                                              Sou yon mizik Atis Endepandan
                                                                                              1971
                                                                                              pp. 14-15
                                                                                              Georges Castera, fils
Editions: Idées Nouvelles, Idées Prolétariennes, Port-au-Prince, Haïti, 1978, 1998.











Modèl analiz
Plan travay
A-    Aspè semyotik
1.      Prezantasyon tèks la
Tit tèks la se « Nou pap dòmi bliye », moun ki ekri li a rele Georges Castera, fils (Jòj Kastra). Se yon pwezi ki soti nan yon rekèy ki rele « Sou yon mizik atis endepandan ». Nou jwenn tèks la nan paj 14-15. Rekèy tèks sa a soti pou premye fwa nan lane 1971. Gen de (2) lòt edisyon ki te soti aprè an 1978 ak 1998 nan Idées Nouvelles, Idées Prolétariennes nan Pòtoprens ann Ayiti.
Tèks la genyen 10 pati ladann, tit la plis 9 paragraf. Pou 9 paragraf yo, nou jwenn uit (8) sizen ak youn ki gen yon distik. Li gen 3 estwòf, chak estwòf gen 3 paragraf. Tèks la genyen 50 liy. Antou nou jwenn 14 fraz nan tèks la ki genyen 25 vèb ladan yo.   
2.      Kondisyon reyalizasyon tèks la
Jòj Kastra ekri nan bi pou li bay moun ki pa gen ni rele, ki pa gen ni reponn yo yon espwa kote tout bagay ka chanje nan peyi isit. Paske lè nou sonje jan de seri de moun te goumen pou nou pat tonbe nan sa nou ye la, gen avni toujou. Tèks la anglobe 3 aspè : sosyal, politik ak ekonomik. Li pale de lavi yon seri male ki ap mennen nan yon peyi enstab pilitikman, kote, finansyèman lajan an mal pataje. Gen moun ki ap jete manje alògen lòt ki pa ka manje. Dwa pitit Sòyèt yo pa respekte, alò li lè li tan pou gen yon leve kanpe pou sa chanje.    
B-     Aspè lengwistik
1.      Fonetik-Fonoloji : asonans, aliterasyon
Lè nou analize tèks la, nou wè otè a pa mete anpil rim ladann. Nou relve yon bon kou asonans ak aliterasyon. Gen kèk varyasyon tou nan lang nan. M’ap pran de egzanp pou varyasyon an. « Gadyè », nan lang estanda a, se gagè yo di. Epi nou jwenn « ride », nan kreyòl estanda se ede nou genyen.
Ann analize fraz sa yo :
1)      Si nou vanse devan se devan pou n rete.
Pou asonans : an, e.
Pou aliterasyon : s, v.


2)   Nou pap dòmi bliye tout nèg ki te tonbe nan chen manje chen kote libète tounen flè sonje nan koze malere.
Pou asonans : ou, i, e, è, an, en.
Pou aliterasyon : n, m, l, t, m, k.

2.      Mòfosentaks
a)      tip fraz yo : tèks la gen yon sèl kategori fraz ki regwoupe yo nan tip fraz deklaratif, paske otè a te ap devlope yon pwen enpòtan epi ki chita sou baz deklarasyon.
Nou ap pran 3 egzanp nan tèks la :
1.      Dèyè mòn gen mòn k’ap kanpe piwo.
2.      Mache tèt bese se viv pitiman, vlope nan rad kapon.
3.      Nou bezwen ponyèt pou ride n’ leve yon biskèt tonbe.
b)   fòm fraz yo : nan tèks la majorite fraz yo ale nan gwoup fraz afimatif. Se yon bann fraz ki pote yon pakèt enfòmasyon pozitif, nou te ka ekri tout fraz sa yo, kòm nou byen konnen yo, nou ap pran 2 egzanp :
1.      Boujwa anba pye malere.
2.      Jodi a se twòkèt men li  deja twò lou, gwo chay la dèyè.
Nan fòm negatif, nou jwenn :
1.      Nou p’ap dòmi bliye.
2.      Pou n’ pa manje sote.
3.      Pou n’ pa t’ rete Bouki dan griyen.
4.      San gwo Jan pa di taks sou  pitimi.
Gen yon fraz anfatik, kote otè a mete anfaz sou kòmansman mizè nou :
Egzanp : Jodi a, se twòkèt men li deja twò lou.
  
c)      vèb : mòd, tan : nan tèks la gen 25 vèb ki konjige ak mòd endikatif.
-          Pami yo nou jwenn 2 ki nan tan pase avèk yon aspè akonpli : « te tonbe », nou jwenn nan 25 èm liy lan.
-          Nou jwenn 2 ki nan tan fiti; se « va kanpe » nou jwenn nan 37 èm liy lan ki se yon fiti pwòch avèk yon aspè iminan. Dezyèm nan se « ka jwenn ».
-          Rès 21 yo nan tan prezan.

d)     mo lyezon : nou jwenn 5 nan tèks la : kote, pou, ak, si, men.
e)      pwosede repriz : pwonon, repetisyon, repriz ki fèt ak anafò oubyen katafò
pwonon anaforik : Nou pap jan dòmi bliye
                              Si nou vanse devan

CH- Aspè leksiko-semantik
1.      Chan leksikal : Libète
Nèg tonbe – vanse – devan – mòn – anba pye – gade solèy – brav – zam – tire – goumen – Ayiti – kouray – ponyèt – ride – leve.
 Chan semantik : toutouni  - bouki – Tijan – vye nèg yo.
Denotasyon / konotasyon
Tonbe
Sans denote : se lè pye yon moun chape epi li atè.
Sans konote : mouri (nèg ki te tonbe).

Sans denote : aspè, aparans fizik yon moun.
Sans konote : pa patisipe ankò nan bagay ou te konn patisipe anvan (rale kò n’ dèyè).

Mòn
Sans denote : yon pati tè ki pi wo pase sa ki antoure l’ yo.
Sans konote : aprè yon difikilte se yon lòt.


Kanpe
Sans denote : lè moun sou de (2) pye yo nan yon pozisyon estab.
Sans konote : difikilte ki pi rèd toujou pase sa w te gen anvan an (mòn k’ap kanpe pi wo).

Pye
Sans denote : manm enferyè yon moun. Li sèvi pou mache, kouri…
Sans konote : li refere ak dominasyon nan kontèks sa (boujwa anba pye malere).

Ti Jan
Sans denote : non yon moun.
Sans konote : malere (pou ka jwenn yon jan pou Ti Jan manje).

Gwo Jan
Sans denote : non yon moun.
Sans konote : boujwa (san Gwo Jan pa di taks sou pitimi.

Twòkèt
Sans denote : moso twal ki sèvi pou sipòte yon chay yon moun ap pote sou tèt li.
Sans konote : kòmansman pwoblèm yo (jodi a se twòkèt la).

Chay
Sans denote : yon kantite bagay ki gen pwa.
Sans konote : pwoblèm pi rèd toujou gen pou vini (chay la dèyè).



Ponyèt
Sans denote : pati nan manm siperyè moun.
Sans konote : moun ki pou mete avè n’ pou n’ reyalize yon bagay (nou bezwen ponyèt pou ride n’ leve).

Biskèt
Sans denote : zo plat ki plase nan mitan epi davan kòtòf lestomak la.
Sans konote : ede n’ chanje yon sitiyasyon (ride n’ leve yon biskèt tonbe).

2.   Vokabilè ki make jijman, opinyon ak santiman : ak yon Ayiti rad chire, toutouni. Libète tounen flè sonje nan koze malere. Si nou vanse devan se devan pou n’ rete. Boujwa anba pye malere. Se plezi moun ki brav. Se viv pitiman.

-          Figi estil : tèks la chaje ak figi estil ou retorik ladan li.
Nou jwenn 3 metafò :
1.      Youn nan premye paragraf la : libète tounen flè sonje.
2.      Nan dezyèm nan gen youn tou : rale kò dèyè se vole gadyè.
3.      Ak youn nan katriyèm nan : gade solèy nan je se plezi

Gen 3 pèsonifikasyon :
1.      Nan 3èm paragraf la : gen mòn k’ap kanpe.
2.      Nan 5èm paragraf la : Ayiti rad chire, toutouni.
3.      Nan 4èm paragraf la : gade solèy nan je.

Yon alegori nan 3èm liy lan : chen manje chen.
Yon efemis nan 2èm liy lan : nèg ki te tonbe.
Yon pleyonas aksetab nan 7èm liy lan : vanse devan.
Yon litòt nan premye liy lan : nou pap dòmi bliye.
Yon paradòks nan trèzyèm liy lan : dèyè mòn gen mòn.


D-    Aspè sosyolengwistik
-          Rejis / nivo lang : popilè
-          Kategori sosyal : tèks la ekri nan enterè klas popilè a. otè a pran defans moun ki nan klas anba yo, malere yo.
-          Entèferans leksikal : otè a itlize mo kreyòl sèlman. Tèks la pa gen entèferans.
-          Eslogan alamòd : dèyè mòn gen mòn – se twòkèt la chay la dèyè


E-    Opinyon pèsonèl aprè analiz
1)   Enpòtans tèks la : tèks la enpòtan pou sansibilize oubyen fè pran konsyans sou reyalite mas pèp la. Pou fè konprann tout pouvwa pa dwe rete sèlman nan men klas anwo a paske se malere yo ki te goumen pou libète. Yo pa dwe fè bak men si yo vanse devan, devan pou yo rete.
2)   Nivo didaktik tèks la : yo ka itilize tèks sa nan literati tankou nan syans sosyal pou domèn lekòl. Yo ka bay elèv etidye oubyen analize reyalite sosyete a sou baz sa ki di ladan l’ yo.
3)   Nivo kritik tèks la : malgre tèks sa se yon powèm ki fèt san rim, paske yon powèm pa oblije gen rim ladan n’, men mwen remake Jòj Kastra te fè tantativ vèsifikasyon ki pat rive respekte. Li kenbe yon nonm pye ki pontyèl,sètadi 6 liy. Sepandan te gen ase mo lyezon nan tèks la, men li te ranpli ak figi estil, konotasyon elatriye. Tit tèks la pa te vrèman eksprime fen tèks la, men sa ki di nan fen an se rezilta, se konsekans aplikasyon tit la.

Pwofesè : Jean Pierre ANTOINE



vendredi 21 mai 2021

Les questions pour le résumé

Fiche de lecture des Romans
1.    Présentation du Roman : Titre – auteur – date de parution – maison et date d’édition
2.    Le titre du roman convient-il à l’histoire racontée ? Justifiez votre réponse.
3.    Qui est le personnage principal ? A quoi le reconnaissez-vous ?
4.    Etablissez l’itinéraire du personnage principal.
5.    Relevez deux personnages secondaires dans le roman. Faites leur portrait et dites quelles relations qu’ils entretiennent avec le personnage principal.
6.    Relevez des toponynes (noms de lieux).
7.    Relevez des expressions françaises contenues dans le roman.
8.    Peut-on comparer la réalité qui est peinte dans le roman ? Trouvez les points de ressemblance et les points de dissemblance. S’agit-il d’un roman : Linéaire, en puzzle, en kaléidoscope ou en boucle ?
9.    Dites ce que vous avez tiré du roman en termes de valeurs (morales, historiques, psychologiques, etc.).

10.    Faites un résumé du roman.