lundi 12 novembre 2012

Silabis ak metodoloji ATK

Bonjou,

Men Silabis kou ATK a



Fakilte Lengwistik Aplike
Inivèsite Leta Ayiti
Analiz tèks kreyol
Ane akademik 2012-2013

1.      Kad konseptyèl ak objektif kou a.

Kou ATK a ap bay etidyan Fakilte Lengwistik Aplike yo tout metòd, tout zouti syantifik nesesè pou yo analize tèks anjerenal e tèks kreyòl anpatikilye. Gras ak kou sa a etidyan yo ap kapab dekouvri tout ladrès yon otè itilize pou li ekri yon tèks. Yo ap genyen kapasite pou ekri nenpòt tèks kelkeswa tip la; kit yo anpwoz oubyen anvè. Zouti kou sa ap mete nan men etidyan yo ap bay yo tou kapasite pou yo sèvi ak konsèp syantifik pou konprann diferan tip tèks : tèks agimantatif, woman elatriye. ATK se yon kou ki pèmèt etidyan konprann, detaye (analize), ekri (pwodwi tèks) ak apresye tout sa ki se tèks oubyen sa yo pwodwi alèd yon tèks : tankou apresye, kritike yon fim, yon enfòmasyon nan yon jounal ak tout sa ki mande refleksyon.

Kou sa a se baz lòt kou etidyan yo ap bezwen nan lòt nivo yo : Semyotik, Lengwistik e Literati san nou pa bliye yon kou enpòtan yo rele Analiz Diskou.

Zouti nou mete nan men etidyan FLA yo pa depaman ak zouti yo sèvi pou analize tèks ak pwodwi li yo nan tout lang moun pale sou latè.

Nan fen kou a, etidyan yo ap kapab an mezi pou analize ak konpoze divès  tip tèks ; kit li oral kit li sou yon sipò.


2.      Kontni
·         Tèks ak kontèks
·         Tip tèks :
- esplikatif
- enfòmatif
- agimantatif
- enjonktif
- naratif
- entèvyou
·         Prensip fondamantal
- inite sijè
- repriz enfòmasyon
- òganizasyon ak pwogresyon enfòmasyon
- absans kontradisyon
- pwennvi

·         Mak òganizasyon tèks
-  tit ak entèliy
-  paragraf
-  mak tipografik

·         Eleman òganizatè
-  sekans tèks
-  paragraf
-  òganizasyon tèks

·      Òganizasyon yon tèk san :
-  sekans naratif
-  sekans esplikatif
-  sekans deskriptif
-  sekans agimantatif

·         Modelizasyon
·         Mak modalite

3.       Demach ak aktivite
·         Kou, esplikasyon, diskisyon;
·         Espoze etidyan yo fè;
·         Devwa nan klas.

4.      Evalyasyon
                       Prezans ak patisipasyon                                                                                  10%
                       Rechèch, dewva ak espoze                                                                             30%
                       Egzamen final                                                                                                 60%


                          Bon travay akademik!
Pwofesè : Jean Pierre Antoine                                




dimanche 14 octobre 2012

dimanche 16 septembre 2012