mercredi 30 novembre 2011


1.2.  Denotasyon ak konotasyon (al nan nòt ki nan kaye ou)

1.3.            Enonsyasyon

Yo rele enonsyasyon lè yon emetè (lokitè, enonsyatè) ap fè enonse. Lè sa, li sèvi ak posibilite lang nan ba li, tankou lis mo ki nan menm lang nan ak règ gramè ki pèmèt moun fòme fraz. Tout enonsyasyon fèt nan yon sitiyasyon byen presi ki mete an relasyon moun ki ap koute (oubyen li) a.
Tèks, ki se yon elemen ki la pou pwodwi sans epi fè sans pase jwenn lektè a, pa ni plis ni mwens ke rezilta travay yon enonse. Men se pa tout lè nou jwenn tras kote enonsyasyon an te fèt la. Premye bagay nan konprann yon tèks se chache jwenn mak enonsyasyonyo, nan fòm enonse a, ki se ki moun ki ap pale (oubyen ekri) a, a ki moun li ap adrese li, ki kote ak kilè.

1.3.a. Lokitè ak destinatè
Chak ak enonsyasyon gen yon lokitè (moun ki fè enonse a) ak yon destinatè (moun mesaj la pral jwenn nan). Etidye mak enonsyasyon yon tèks se toudabò rive jwenn endis yo nan kominikasyon an : mwen ak ou.
  • Endis ki moutre kiyès ki ap pale. Pwonon pèsonèl yo (ak adjektif posesif) premye ak dezyèm pèsòn pa fin klè lè yo pa nan yon sityasyon enonsyasyon presi : mwen moutre se lokitè a, ou moutre se destinatè a.
Yon lòt kote nou wè li (twazyèm pèsòn) fè referans ak yon moun oubyen yon bagay yo te di déjà nan tèks la e lè sa li pa depann de sitiyasyon enonsyasyon an.

  • Mak ki moutre jijman loikitè a fè (oubyen modalizasyon). Gen yon bann mo ki moutre jan lokitè a ap pran pozisyon lè li ap eksprime :
-          sètitid (asirans), dout, volonte (mwen konnen, petèt, mwen vle…);
-          opinyon ki pou oubyen ki kont (mwen regrèt, se yon bon bagay, erezman…);
-          jijman favorab oubyen defavorab (mo ki gen finisman an –èz (zenyèz, mantèz) ou ki ap moutre apresyasyon kòm bon/move, bèl/lèd).

1.3.b. Nan moman ak ki kote enonsyasyon fèt
Yon enonsyasyon fèt nan yon moman ak yon kote moun ka rive jwenn alèd endis ki simaye anndan yon tèks.
  • Endis ki make kote ak moman :
-          mak espas, yo moutre yon kote vizavi ak plas kote lokitè a ye a li menm : isit la, sou bò dwat…
-          mak tan, yo defini yon moman parapò ak lè ou ap pale a : kounye a, , nan ennan (1 an)…
Nou jwenn tou lòt endis pou make kote ak moman ki pa depann de sitiyasyon enonsyasyon an : Pòtoprens, an 1986 (endis jewografik, istorik, sa vle di yo pa sibjektif); pa twò lwen, nan demen (endis relatif, vizavi yon kote oubyen yon dat ki nan enonse a.
  • Kèk nan tan vèb yo
-          prezan pou pale de yon  bagay ki ap fèt kounye a (mwen chita), ki diferan ak prezan ki make yon abitid oubyen sa ki nan pwovèb yo;
-          pase (mwen te chita) : ki te fèt avan lè moun nan ap pale a.
-          fiti (mwen va (ap, pral) li : ki gen pou fèt apre lè moun nan ap pale a.
Tout lòt tan yo plase evenman yo youn parapò ak lòt, men non parapò ak lè moun nan te ap pale a.

Tatou ak doktè Sintya ap diskite sou mezi pou yo pran kont kolera nan zòn Santo
« Nan kenz jou oubyen yon mwa, nou pap bezwen ou isit la, ka a twòp pou ou.
-       Se vre wi, se sa Sintya di.
-       Jan nou òganize sèvis sanitè a pa bon. Nou manke moun epi pa rete tan ankò.
Sintya rekonèt yon lòt verite nan pawòl sa tou.
« Mwen tande yo di azèk zòn nan ap met sou pye yon sèvis sivil pou fòse gason ki engann vin ede nou sove tout moun.
-       Ou gen bon enfòmasyon papa! Men tout moun move kou kong epi azèk la ap ezite.
-       Poukisa yo pa mande kout men gratis ?
-       Yo te fè sa, men sa pat twò byen mache.
-       Fòk ou di tou yo te fè li ak gwo ponyèt Leta, san flate santiman iman moun yo. Yo pat fè imajinasyon yo travay : lòm pa renmen ou fòse li fè anyen kèlke swa sa ou ta ye. Leta pat jan pran flewo a nan dimansyon li. Remèd yo te toujou anvizaje yo te toujou remèd ou ka bay pou yon ti lafyèv. Si nou pa mete bouch nan sa nou tout nèt ap peri.
-       Sa ka rive, se sa Sintya di.  

Devwa
1.      Bay endis ki moutre lokitè ak destinatè ki patisipe nan ak enonsyasyon tèks sa ye a.
2.      Endis ki moutre moman ak kote konvèsasyon ap dewoule.
3.      Bay mak tan ki make enonsyasyon sa a.
4.      Mak ki moutre jijman (modalizasyon).



                                                                            Pwofesè : Jean Pierre Antoine
                                                                                                                         30/11/11

jeudi 24 novembre 2011

Utilisons les TIC

En attendant le site officiel de l'UEH je dispose de cet espace pour mettre en ligne mes cours à la FLA

mardi 15 novembre 2011

Tèks ak kontèks


Fakilte Lengwistik Aplike
Inivèsite Leta Ayiti
Analiz tèks kreyol

A.   Tèks
Yo defini kòm yon gwoup fraz ki mare ansanm pou eksprime yon lide, yon panse ou yon reyalite.
Pou gen tèks fòk gen :
1)      Yon bi, yon objektif : sa vle di otè a deside aji sou emosyon, fason ak konpòtman lektè a;
2)      Yon sijè ki trete selon fòm tèks la;
3)      Yon lektè otè a imajine
4)      Yon pakèt fraz ki lyeyoun ak lòt

Tèks se yon pakèt enonse ki mete tèt yo ansanm pou yo di yon bagay byen presi (Jean-François Jeandillou). Dèke yo ap pale de tèks ekri nou wè devan nou yon kanal. Yo rele kanal sipò materyèl yo sèvi pou fè mesaj yon tèks pase, donk nou vle di dispozisyon vè ak estwòf nan powèm, paragraf oubyen chapit nan pwoz.
Nou we yon lot kote yon destinatè,ki pa la fizikman, men nou an kontak avèk li lè nou konnen non otè tèks la (sou kouvèti yon liv oubyen nan fen yon atik jounal) ou ankò, nan teyatak liv woman, lè nou jwenn non pèsonaj ki ap pale yo (chak fwa youn pran lapawòl).  Nan ka sa nou pale de yon endikasyon lengwistik (yon non pwòp) ki ede nou we klè kote sous mesaj la sòti. Sinon destinatè a ap rete yon enkoni, jan nou we sa nan anpil woman : yon vwa san idantite.
Lektè a menm (ki se moun otè a ekri tèks la pou li a) nou rive idantifye li alèd yon pakèt endis vizib (nominatif oubyen deskriptif). Yon tèks toujou genyen yon referan. Se konsa chak tèks plase sa li ap pale de li a nan yon domèn ki se fòm tèks la sèvi avèk li kom bousòl. Li kapab gen ladan yon bann tradisyon oubyen bagay ki nouvo.
Yon tèks konstui avèk yon baz ki pèmèt ou bay tèt ou yon oryantasyon lè ou ap li li. Yo rele sa fonksyon metalengwistik. Tèks la genyen yon pòte refleksif, li pèmèt ou jwenn limyè sou pwòp sistèm yo itilize pou kodifye mesaj la. 
Pou fini, nou ap pale sou tèks ki santre sou mesaj yo ap fè pase a. Lè sa yo mete plis aksan sou fòm mesaj sa ap pran. Nan ka sa nou pale de fonksyon powetik yon tèks. Fòm mesaj la ap gen plis enterè pase kontni mesaj la.


  1. Kontèks  
 Yo rele kontèks tout sa ki ap tounen otou yon mo, yon gwoup mo, yon fraz osinon yon swit fraz.
Lè ou gen yon fraz ki poukont li, li difisil pou ou konnen sa chak mo vle di. Pa egzanp : li ranmase yo mete ladan li. Nou pa ka konnen ki sa li, yo ak li reprezante si nou pa genyen nan yon pati anvan an : Jak te wè boutèy yo bò panye a.

1.1.Sans ak siyifikasyon
Yo di souvan sans ak siyifikasyon se sinonim : ki sans oubyen ki siyifikasyon fraz sa a ? se ta “di sa fraz la vle di”. Men lè nou gade nan Dictionnaire encyclopédique de pragmatique, Seuil, 1994, p. 22), nou wè Siyifikasyon depann de rapò siyifye « apstrè » yo genyen avèk chak grenn mo ki met tèt yo ansanm pou fòme yon fraz.
Si nou ta pran fraz sa a « pran liv sa » nou ap jwenn yon siyifikasyon estab tout moun ka eksplike gras ak menm konesans wòwòt nou ta ka genyen sou lang nan. Premyèman valè leksikal vèb ak non ki nan fraz la; dezyèmman valè gramatikal enperatif la. Toulède valè sa yo konbine pou fè yon lokitè natif entèprete sekans lengwistik sa. Si nou pran fraz sa andeyò tout kontèks, nou pap ka idantifye destinatè (moun yo pase lòd la) ni de ki liv yo ap pale. Nou ap wè Sans  fraz la klèman lè nou rive jwenn nan ki kondisyon yo te di li : lokitè a, moun li te di fraz la (sètadi Daphline), ki kote, ki lè ak nan ki sikonstans; nou ka wè enonse sa ap pran yon sans diferan mèmsi siyifikasyon an ap rete menmjan an. Sof nan ka kote lokitè a ta moutre li ap jwe oubyen li ap pase lòt moun nan nan betiz, lè sa sans fraz la ap envèse siyifikasyon li ta ka genyen an.
Si fraz, ki se yon antite apstrè nan domèn sentaks, genyen yon siyifikasyon ki sòti nan règ lang menm, li vin pran yon sans otomatikman li tounen yon enonse kote ou rive tande li nan yon sitiyasyon reyèl kote moun ap pale.
Se poutèt sa, anmenmtan nou ap fè yon etid lengwistik lè nou ap analize tèks, nou dwe fè atansyon ak eleman kontèks yo ap bay kòm materyo pou elabore yon tèks.
Yon tèks gen yon dimansyon pragmatik ki mande pou pran plis an konsiderasyon jan ankodè a sèvi ak lang nan ekriti li olye pou nou ta rete bloke sou jan gramè lang nan fonksyone. Jwenn sans yon tèks pa chita sèlman nan kontni semantik eleman lang nan, paske yon mesaj pa bay tèt li san tousèl : se otè a ak lektè a yo menm ki ba li yon sans, yo chak bò kote pa yo. Pou yon moun byen abòde yon tèks fòk li mete nan tèt li tou lide ke tout bagay pa di klèman nan yon tèks. Yo rele sa Enplisit, li parèt sou fòm presipoze oubyen sou fòm souzantandi.
Presipoze : sans klè enonse a (sa ki di a) gen ladan li yon enfòmasyon,ki pa parèt,ke ou ap jwenn san traka
Egzanp : Tizoulit kite bwè kleren.
Fraz sa presipoze nesesèman ke Tizoulit te konn bwè kleren.
Nou wè klèman presipoze sòti dirèkteman nan siyifikasyon lengwistik, tandiske souzantandi depann de sitiyasyon enonsyasyon e li plizoumwen fasil pou entèprete.