mercredi 30 novembre 2011


1.2.  Denotasyon ak konotasyon (al nan nòt ki nan kaye ou)

1.3.            Enonsyasyon

Yo rele enonsyasyon lè yon emetè (lokitè, enonsyatè) ap fè enonse. Lè sa, li sèvi ak posibilite lang nan ba li, tankou lis mo ki nan menm lang nan ak règ gramè ki pèmèt moun fòme fraz. Tout enonsyasyon fèt nan yon sitiyasyon byen presi ki mete an relasyon moun ki ap koute (oubyen li) a.
Tèks, ki se yon elemen ki la pou pwodwi sans epi fè sans pase jwenn lektè a, pa ni plis ni mwens ke rezilta travay yon enonse. Men se pa tout lè nou jwenn tras kote enonsyasyon an te fèt la. Premye bagay nan konprann yon tèks se chache jwenn mak enonsyasyonyo, nan fòm enonse a, ki se ki moun ki ap pale (oubyen ekri) a, a ki moun li ap adrese li, ki kote ak kilè.

1.3.a. Lokitè ak destinatè
Chak ak enonsyasyon gen yon lokitè (moun ki fè enonse a) ak yon destinatè (moun mesaj la pral jwenn nan). Etidye mak enonsyasyon yon tèks se toudabò rive jwenn endis yo nan kominikasyon an : mwen ak ou.
  • Endis ki moutre kiyès ki ap pale. Pwonon pèsonèl yo (ak adjektif posesif) premye ak dezyèm pèsòn pa fin klè lè yo pa nan yon sityasyon enonsyasyon presi : mwen moutre se lokitè a, ou moutre se destinatè a.
Yon lòt kote nou wè li (twazyèm pèsòn) fè referans ak yon moun oubyen yon bagay yo te di déjà nan tèks la e lè sa li pa depann de sitiyasyon enonsyasyon an.

  • Mak ki moutre jijman loikitè a fè (oubyen modalizasyon). Gen yon bann mo ki moutre jan lokitè a ap pran pozisyon lè li ap eksprime :
-          sètitid (asirans), dout, volonte (mwen konnen, petèt, mwen vle…);
-          opinyon ki pou oubyen ki kont (mwen regrèt, se yon bon bagay, erezman…);
-          jijman favorab oubyen defavorab (mo ki gen finisman an –èz (zenyèz, mantèz) ou ki ap moutre apresyasyon kòm bon/move, bèl/lèd).

1.3.b. Nan moman ak ki kote enonsyasyon fèt
Yon enonsyasyon fèt nan yon moman ak yon kote moun ka rive jwenn alèd endis ki simaye anndan yon tèks.
  • Endis ki make kote ak moman :
-          mak espas, yo moutre yon kote vizavi ak plas kote lokitè a ye a li menm : isit la, sou bò dwat…
-          mak tan, yo defini yon moman parapò ak lè ou ap pale a : kounye a, , nan ennan (1 an)…
Nou jwenn tou lòt endis pou make kote ak moman ki pa depann de sitiyasyon enonsyasyon an : Pòtoprens, an 1986 (endis jewografik, istorik, sa vle di yo pa sibjektif); pa twò lwen, nan demen (endis relatif, vizavi yon kote oubyen yon dat ki nan enonse a.
  • Kèk nan tan vèb yo
-          prezan pou pale de yon  bagay ki ap fèt kounye a (mwen chita), ki diferan ak prezan ki make yon abitid oubyen sa ki nan pwovèb yo;
-          pase (mwen te chita) : ki te fèt avan lè moun nan ap pale a.
-          fiti (mwen va (ap, pral) li : ki gen pou fèt apre lè moun nan ap pale a.
Tout lòt tan yo plase evenman yo youn parapò ak lòt, men non parapò ak lè moun nan te ap pale a.

Tatou ak doktè Sintya ap diskite sou mezi pou yo pran kont kolera nan zòn Santo
« Nan kenz jou oubyen yon mwa, nou pap bezwen ou isit la, ka a twòp pou ou.
-       Se vre wi, se sa Sintya di.
-       Jan nou òganize sèvis sanitè a pa bon. Nou manke moun epi pa rete tan ankò.
Sintya rekonèt yon lòt verite nan pawòl sa tou.
« Mwen tande yo di azèk zòn nan ap met sou pye yon sèvis sivil pou fòse gason ki engann vin ede nou sove tout moun.
-       Ou gen bon enfòmasyon papa! Men tout moun move kou kong epi azèk la ap ezite.
-       Poukisa yo pa mande kout men gratis ?
-       Yo te fè sa, men sa pat twò byen mache.
-       Fòk ou di tou yo te fè li ak gwo ponyèt Leta, san flate santiman iman moun yo. Yo pat fè imajinasyon yo travay : lòm pa renmen ou fòse li fè anyen kèlke swa sa ou ta ye. Leta pat jan pran flewo a nan dimansyon li. Remèd yo te toujou anvizaje yo te toujou remèd ou ka bay pou yon ti lafyèv. Si nou pa mete bouch nan sa nou tout nèt ap peri.
-       Sa ka rive, se sa Sintya di.  

Devwa
1.      Bay endis ki moutre lokitè ak destinatè ki patisipe nan ak enonsyasyon tèks sa ye a.
2.      Endis ki moutre moman ak kote konvèsasyon ap dewoule.
3.      Bay mak tan ki make enonsyasyon sa a.
4.      Mak ki moutre jijman (modalizasyon).



                                                                            Pwofesè : Jean Pierre Antoine
                                                                                                                         30/11/11

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire