mardi 3 juin 2014

Modalizasyon

Bonjour,

Men rès not sou Modalizasyon an

Modalizasyon
Yo rele modalizasyon operasyon ki pèmèt ou wè prezans yon enonsyatè ak pozisyon li nan yon tèks. Se mak modalite yo ki pèmèt ou wè pozisyon lokitè a.
Dèske wap pale de modalizasyon ou wè 3 aspè nan tèks la :
-          Jan enonsyatè a afiche l nan tèks li a ;
-          Jan enonsyatè a ap antre an relasyon avèk destinatè a;
-          Ki pozisyon enonsyatè a pran nan pawòl li ap mete nan tèks la.
Li pa fasil pou ou jwenn tèk ski pag en pozisyon otè a ladan li.

Nan anpil tèks, nou jwenn endis ki moutre pozisyon enonsyatè a; se sa yo rele mak modalite yo. Nan yon tèks imajinè, otè fè prezans li parèt nan vwa karatè a kote lap jije pésonaj yo oubyen bay lide li sou evènmanyo.

Mak modalite
Lang lal bay anpil fason ou ka modalize yon enonse. Men sa nou jwenn pi souvan yo :
  1. Vokabilè konotatif : Non salma mo yo dekri reyalite, men yo endike yon valè tou. Sa ka yon valè melyoratif ou byen pejoratif; lè sa yo di mo yo gen sans konote. Ou jwenn entèjeksyon (elas!) ak yon pakèt non, adjektif, advèb epi vèb ki pran mak konotasyon fasilman. Valè konotatif yo moutre sibjektivite otè a.
  2. Mak enonsyasyon : Yo rele mak enonsyasyon yon pakèt endis ki moutre prezans enonsyatè a ak destinatè a. Ou jwenn : prono pèsonèl yo ak mo ki gen menm valè ak yo (fraz ensidant yo) tankou daprè mwen, selon sa plizyè moun di, daprè nou; tout se mak enonsyasyon.


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire