mardi 10 janvier 2012

Tipoloji tèks

Fakilte Lengwistik Aplike
Inivèsite Leta Ayiti
Analiz tèks kreyol



Tip tèks

- tip eksplikatif ou enfòmatif: se yon fòm tèks la pran pou anba plim otè a pou li analize yon fenomèn oubyen yon lide pou fè li parèt byen klè. Li ba anpil eksplikasyon ak presizyon. Tèks eksplikatif la kapab didaktif si li gen misyon pou li fè moun kenbe nan tèt li sou yon sot eksplike li a. 

- tip deskriptif : se yon fòm tèks la pran pou li pwodwi yon imaj ke lektè a pa wè, men li ap an mezi pou li imajine san difikilte. Tèks deskriptif la pèmèt lektè imajine aspè yon kote oubyen yon èt anime. Ladan li nou jwenn yo itilize anpil adjektif ak endis ki make kote, elatriye.

- tip agimantatif : se yon fòm tèks la pran pou demontre, pwouve, konvenk oubyen pèsyade. Nan yon tèks agimantatif, otè a ap defann yon tèz pandan li ap bay agiman ak egzanp. Yo rele sa agimantasyon. Pou travay sa ka fèt, otè a sèvis yon seri lyen lojik.
Nou rive fè diferans toua nt :
a)      Demontre : prouve yon bagay alèd de rezònman, ki gen pou zouti agiman lojik ak fè yo.
b)      Konvenk : sèvi ak larezon pou fè yon moun fè yon bagay, se prensipalman bay agiman ki parèt rasyonèl.
c)      Pèsyade : otè a pouse destinatè a dakò nan jwe sou santiman li.


- tip enjonktif : se yon fòm tèks la pran pou li make yon lòd. Ladan li, otè a pouse destinatè a fè yon bagay. Tèks enjonktif la mande destinatè a pou akonpli yon aksyon, aksyon sa ka rezilta yon lòd, yon konsèy, yon menas  osinon yon entèdiksyon.

- tip naratif : se yon tèks kote otè a (naratè a) ap rakonte evènman ki te pase. Nou jwenn li nan woman, kont, fab (lafontèn), fèdivè ak senaryo fim. Li gen endis ki make tan (answit, nan demen). Pifò  vèb yo se vèb daksyon.

Pwofesè : Jean Pierre Antoine

25 commentaires:

  1. Kijan poum pale de yon tèks agimantatif sou edikasyon nan peyi dayiti

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. koman poum pwodwi yon tèks agimatatif sou fason ou konprann edikasyon nan peyi d'ayiti

      Supprimer
  2. Li konn yon ti jan difisil pou w arive sène tèks la e di ki tip tèks li yr paske ou ka jwenn plizyè sekans nan yn tèks..pa egzanp nan tèks naratif la ou jwenn deskripsyon ladan l...mpanse ke nan ka sa se yon problèm.

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Li pa yon pwoblèm. Lè sa w ap di se yon tèks naratif ki genyen sekans deskriptif. Lè konsa w ap chache sentaks(chema naratif) nan tèks la osinon mòfoloji (chema aktansyèl) ki genyen nan tèks la osinon depan ki tip tèks naratif la ou ka chache lòt ensdis k ap pèmèt ou konfime se efektivman yon tèks naratif li ye.

      Supprimer
  3. Svp, ban m yon egzanp yon ti tèks enjonktif.

    RépondreSupprimer
  4. Ki eleman ki genyen nan chema naratif la?

    RépondreSupprimer
  5. Réponses
    1. Bonswa svp nou ka dim kman Mw ka ekri yn tèks agimante nan sijè sa <> ?

      Supprimer
  6. Mwen ta renmen wè yon ti egzanp sou tèks enjonktif la.

    RépondreSupprimer
  7. Map kontan jwen'n yon egzamp sou tèks enjonktif la

    RépondreSupprimer
  8. Voye tèks konvèsasyonel la

    RépondreSupprimer
  9. Mwen remèsiw zanmim

    RépondreSupprimer
  10. Mèsi anpil,bon travay.

    RépondreSupprimer
  11. Egzanp yon fraz enjonktif

    RépondreSupprimer
  12. Kòman pou'm fè yon tèks naratif ki gen pou sekans deskriptif

    RépondreSupprimer