mercredi 11 janvier 2012

Tablo ki rezime tip tèks yo

Fakilte Lengwistik Aplike
Analiz tèks kreyol

Tablo rezime tip tèks yo
Fonksyon
Tèks naratif
Tèks deskriptif
Tèks eksplikatif/enfòmatif
Tèks agimantatif
Tèks enfonktif
-rakonte evènman
-tèks fiksyon(ki chita sou manti)
-fonksyon reyalis/dokimantè
-fonksyon ki sèvi ak senbòl
-kreye yon pòtrè ki egzak epi ki reyèl lektè a rive wè
-kreye yon anbyans
-bay siyal sou sa ki gen pou rive nan rakontay
-bay yon pwa powetik
-fonksyon enfòmatif
-fonksyon ansèyman (didaktik)
-fonksyon nan rakontay (resi), fiksyon : entui yon lektè sou zòn, pote kole pou bay istwa a yon reyalite, ranfòse yon konbinezon/mannèv/entrig (tout ide ki ap mennen yon istwa moun rakonte) , fè wè lojik ki genyen lakay yon pèsonaj.
-defann yon pozisyon
-fonksyon fè bay legen / vag, konsanti/dakò/kite sa… kraze agman lòt moun ak lòt agiman
-fonksyon polemik
-pouse moun fè yon bagay ou gen yon konpòtman
-bay enstriksyon
-mesaj ki jeneral

Karakteristik
Òganizasyon
-tèks kwonoloji
-retounen dèyè kèk fwa
-fè moun ki ap mennen aksyon an parèt klè
-tèks la anchennen parapò ak moun ki wè a
-deplasman nan espas
-pwogresyon ak tèm lineyè
-pwogresyon ki fèt avèk tèm eklate
-pwogresyon ki fèt avèk tèm
-replik/twoke kòn
-rezònman
-konsesyon
-rezònman analojik
-aksyon ki suiv lòd
-enstriksyon ki suiv yon ton ak fonetik
-desen karakteteristik avèk paragraf
Leksik (vokabilè)
Yon pakèt tèm ki la pou moutre tan an epi ki la pou ede wè diskou resi a
-inite nan deskripsyon
-metafò (konparezon) kote yonn suiv lòt
-vakabilè espesyalize
-ranplasman mo : perifraz, konparezon
-konotasyon
-endikatè nivo sètitid : fraz wi kategorik, ezitasyon
-vokabilè presi pi souvan teknik
-fraz kout
Gramè
Prezan narasyon pwonon + vèb (ap, ape , pe) ; pase (te, t ap, t apral/aprale)
-bagay yo kalifye, sa moun ka wè gras ak karakteristik yo ba yo
-prezan
-prezantatif : pwonon/non + ki …
-relasyon lojik
-Premye/dezyèm prono pèsonèl sijè
-prezan, pase
-fraz lòd/kòmandman
-sijè a toujou absan
-fòm negatif pou defann fè yon bagay
Kalite ekriti
-rakontay
-diskou
deskripsyon, pòtrè,liv touristic,piblisite, liv dokimantè
laprès, repòtaj, kontrandi, liv lekòl, ansiklopedi, liv lasyans
diskou politik, esè, liv kritik, piblisite, sèmon, fab, kont filozofik
Reset, mòdanplwa, konsiy, enstriksyon ofisyèl, slogan, priyè


 Pwofesè : Jean Pierre Antoine

21 commentaires:

  1. Pa enkyete nou pou kèk bagay nou pa ka rive wè sou blog la, map mete vèsyon enprime kou a adispozisyon nou byento. M malad, nou pap genyen an prezansyèl demen. Nap wè madi ki ap 18 janvye 2012 la. Bon lekti.
    Jean Pierre Antoine

    RépondreSupprimer
    Réponses
    1. Mw monte la mpoko janm wè vèsyon an non,bon kilè nap lagel la menm??

      Supprimer
    2. Mw monte la mpoko janm wè vèsyon an non,bon kilè nap lagel la menm??

      Supprimer
    3. Svp ou ka edem ou ka bay yon tèks naratif oubyen referem yon sit m ap jwenn yonn

      Supprimer
    4. Bjr svp kjn io fè yon rezime tèks ak tut on egzenp

      Supprimer
  2. M panse m tp jwenn tout definisyon tip tèks yo ui mèsi

    RépondreSupprimer
  3. Bonjou chè pwofesé ,mwen ankouraje bon travay sa a wap fè a. Jiska mentenan gen yen yon fables bokote ministè edikasyon nasyonal paske program detaye kreyol la toujou ap prepare nan Lang fransè, mwen ta renmen konnen poukisa

    RépondreSupprimer
  4. Mw panse mw tap jwenn tout definisyon teks yo ui .

    RépondreSupprimer
  5. Mèsi anpil pou tip tèks yo

    RépondreSupprimer
  6. Bonswa mwen bezwen plis enfomasyon sou konekte logik yo

    RépondreSupprimer
  7. Bonswa kòlèg mwen yo , mwen kontan paske n ap mete kreyòl la sou Ray .Mèsi se pwofesè kreyol

    RépondreSupprimer
  8. Merci anpil,selman mwen pa ka li premye kolòn Nan.

    Epi m panse m tap jwenn definition tout tip tèks yo separeman

    RépondreSupprimer
  9. Ki diferans ki genyen ant yon Tex lirik e yo. Tex satirik

    RépondreSupprimer