vendredi 27 janvier 2012

Modèl analiz


Fakilte Lengwistik Aplike
Inivèsite Leta Ayiti
Analiz tèks kreyol

Plan pou analize yon tèks

A – Aspè semyotik
  1. Prezantasyon tèks la
-          Non otè a, gwoup la oubyen chantè a
-          Tit tèks la
-          Karyè otè a
-          Ane tèks la sòti
-          Nonm paragraf, kantite liy
-          Sou konbyen kolòn tèks la prezante
  1. Kondisyon reyalizasyon tèks la

B – Aspè lengwistik
  1. Fonetik-fonoloji : Asonans, Aliterasyon
  2. Mòfosentaks :
-          tip / fòm fraz yo
-          vèb : mòd, tan
-          mo lyezon
-          pwosede repriz : pwonon, repetisyon, repriz ki fèt ak anafò oubyen katafò



C- Aspè leksiko-semantik
  1. Chan leksikal / chan semantik
Denotasyon / konotasyon
  1. Vokabilè ki make jijman, opinyon ak santiman
-          Figi estil


D- Aspè sosyolengwistk
-          Rejis / nivo lang
-          Kategori sosyal
-          Entèferans leksikal
-          Eslogan alamòd

E- Opinyon pèsonèl aprè analiz
  1. Enpòtans tèks la
  2. Nivo didaktik tèks la
  3. Nivo kritik tèks la










Nou pap dòmi bliye
I.
Nou pap dòmi bliye
Tout nèg ki te tonbe
Nan chen manje chen
Kote libète
Tounen flè sonje
Nan koze malere.

Si nou vanse devan,
Se devan pou n rete.
Rale kò n dèyè,
Se vole gadyè.
Nou vanse devan
Pou n pa manje sote.

Dèyè mòn gen mòn
K ape
Kanpe pi wo.
Dèyè mòn gen mòn 
Boujwa anba pye
Malere.

II.
Gade solèy nan je,
Se plezi neg ki brav.
Kout zam ap tire,
Mache tèt bese
Se viv pitiman
Vlope nan rad kapon.

Foul moun te rasanble
Lè Peral t ap goumen
Pou n pat rete
Bouki dan griyen
Ak yon Ayiti
Rad chire, toutouni.

Dèyè mòn gen mòn
K ap
Kanpe pi wo.
Dèyè mòn gen mòn.
Boujwa anba pye
Malere.

III.
Yon jou nèg va kanpe
Pou yo ka jwenn yon jan
Pou ti Jan manje
San gwo Jan pa di
Taks sou pitimi
Kouray o vye nèg yo

Jodi a, se twòkèt
Men li deja twò lou
Gwo chay la dèyè,
Nou bezwen ponyèt
Pou ride n leve
Yon biskèt tonbe.

Boujwa anba pye
Malere.

                        



Sou yon mizik Atis Endepandan
1971
 pp. 14-15
 Georges Castera, fils
Editions: Idées Nouvelles, Idées Prolétariennes, Port-au-Prince, Haïti, 1978, 1998.











Modèl analiz
Plan travay
A-    Aspè semyotik
1.      Prezantasyon tèks la
Tit tèks la se « Nou pap dòmi bliye », moun ki ekri li a rele Georges Castera, fils (Jòj Kastra). Se yon pwezi ki soti nan yon rekèy ki rele « Sou yon mizik atis endepandan ». Nou jwenn tèks la nan paj 14-15. Rekèy tèks sa a soti pou premye fwa nan lane 1971. Gen de (2) lòt edisyon ki te soti aprè an 1978 ak 1998 nan Idées Nouvelles, Idées Prolétariennes nan Pòtoprens ann Ayiti.
Tèks la genyen 10 pati ladann, tit la plis 9 paragraf. Pou 9 paragraf yo, nou jwenn uit (8) sizen ak youn ki gen yon distik. Li gen 3 estwòf, chak estwòf gen 3 paragraf. Tèks la genyen 50 liy. Antou nou jwenn 14 fraz nan tèks la ki genyen 25 vèb ladan yo.   
2.      Kondisyon reyalizasyon tèks la
Jòj Kastra ekri nan bi pou li bay moun ki pa gen ni rele, ki pa gen ni reponn yo yon espwa kote tout bagay ka chanje nan peyi isit. Paske lè nou sonje jan de seri de moun te goumen pou nou pat tonbe nan sa nou ye la, gen avni toujou. Tèks la anglobe 3 aspè : sosyal, politik ak ekonomik. Li pale de lavi yon seri male ki ap mennen nan yon peyi enstab pilitikman, kote, finansyèman lajan an mal pataje. Gen moun ki ap jete manje alògen lòt ki pa ka manje. Dwa pitit Sòyèt yo pa respekte, alò li lè li tan pou gen yon leve kanpe pou sa chanje.   
  
B-     Aspè lengwistik
1.      Fonetik-Fonoloji : asonans, aliterasyon
Lè nou analize tèks la, nou wè otè a pa mete anpil rim ladann. Nou relve yon bon kou asonans ak aliterasyon. Gen kèk varyasyon tou nan lang nan. M’ap pran de egzanp pou varyasyon an. « Gadyè », nan lang estanda a, se gagè yo di. Epi nou jwenn « ride », nan kreyòl estanda se ede nou genyen.
Ann analize fraz sa yo :
1)      Si nou vanse devan se devan pou n rete.
Pou asonans : an, e.
Pou aliterasyon : s, v.


2)    Nou pap dòmi bliye tout nèg ki te tonbe nan chen manje chen kote libète tounen flè sonje nan koze malere.
Pou asonans : ou, i, e, è, an, en.
Pou aliterasyon : n, m, l, t, m, k.

2.      Mòfosentaks
a)      tip fraz yo : tèks la gen yon sèl kategori fraz ki regwoupe yo nan tip fraz deklaratif, paske otè a te ap devlope yon pwen enpòtan epi ki chita sou baz deklarasyon.
Nou ap pran 3 egzanp nan tèks la :
1.      Dèyè mòn gen mòn k’ap kanpe piwo.
2.      Mache tèt bese se viv pitiman, vlope nan rad kapon.
3.      Nou bezwen ponyèt pou ride n’ leve yon biskèt tonbe.
b)   fòm fraz yo : nan tèks la majorite fraz yo ale nan gwoup fraz afimatif. Se yon bann fraz ki pote yon pakèt enfòmasyon pozitif, nou te ka ekri tout fraz sa yo, kòm nou byen konnen yo, nou ap pran 2 egzanp :
1.      Boujwa anba pye malere.
2.      Jodi a se twòkèt men li  deja twò lou, gwo chay la dèyè.
Nan fòm negatif, nou jwenn :
1.      Nou p’ap dòmi bliye.
2.      Pou n’ pa manje sote.
3.      Pou n’ pa t’ rete Bouki dan griyen.
4.      San gwo Jan pa di taks sou  pitimi.
Gen yon fraz anfatik, kote otè a mete anfaz sou kòmansman mizè nou :
Egzanp : Jodi a, se twòkèt men li deja twò lou.
  
c)      vèb : mòd, tan : nan tèks la gen 25 vèb ki konjige ak mòd endikatif.
-          Pami yo nou jwenn 2 ki nan tan pase avèk yon aspè akonpli : « te tonbe », nou jwenn nan 25 èm liy lan.
-          Nou jwenn 2 ki nan tan fiti; se « va kanpe » nou jwenn nan 37 èm liy lan ki se yon fiti pwòch avèk yon aspè iminan. Dezyèm nan se « ka jwenn ».
-          Rès 21 yo nan tan prezan.

d)     mo lyezon : nou jwenn 5 nan tèks la : kote, pou, ak, si, men.
e)      pwosede repriz : pwonon, repetisyon, repriz ki fèt ak anafò oubyen katafò
pwonon anaforik : Nou pap jan dòmi bliye
                              Si nou vanse devan

C-    Aspè leksiko-semantik
1.      Chan leksikal : Libète
Nèg tonbe – vanse – devan – mòn – anba pye – gade solèy – brav – zam – tire – goumen – Ayiti – kouray – ponyèt – ride – leve.
 Chan semantik : toutouni  - bouki – Tijan – vye nèg yo.
Denotasyon / konotasyon
Tonbe
Sans denote : se lè pye yon moun chape epi li atè.
Sans konote : mouri (nèg ki te tonbe).

Sans denote : aspè, aparans fizik yon moun.
Sans konote : pa patisipe ankò nan bagay ou te konn patisipe anvan (rale kò n’ dèyè).

Mòn
Sans denote : yon pati tè ki pi wo pase sa ki antoure l’ yo.
Sans konote : aprè yon difikilte se yon lòt.


Kanpe
Sans denote : lè moun sou de (2) pye yo nan yon pozisyon estab.
Sans konote : difikilte ki pi rèd toujou pase sa w te gen anvan an (mòn k’ap kanpe pi wo).

Pye
Sans denote : manm enferyè yon moun. Li sèvi pou mache, kouri…
Sans konote : li refere ak dominasyon nan kontèks sa (boujwa anba pye malere).

Ti Jan
Sans denote : non yon moun.
Sans konote : malere (pou ka jwenn yon jan pou Ti Jan manje).

Gwo Jan
Sans denote : non yon moun.
Sans konote : boujwa (san Gwo Jan pa di taks sou pitimi.

Twòkèt
Sans denote : moso twal ki sèvi pou sipòte yon chay yon moun ap pote sou tèt li.
Sans konote : kòmansman pwoblèm yo (jodi a se twòkèt la).

Chay
Sans denote : yon kantite bagay ki gen pwa.
Sans konote : pwoblèm pi rèd toujou gen pou vini (chay la dèyè).



Ponyèt
Sans denote : pati nan manm siperyè moun.
Sans konote : moun ki pou mete avè n’ pou n’ reyalize yon bagay (nou bezwen ponyèt pou ride n’ leve).

Biskèt
Sans denote : zo plat ki plase nan mitan epi davan kòtòf lestomak la.
Sans konote : ede n’ chanje yon sitiyasyon (ride n’ leve yon biskèt tonbe).

2.    Vokabilè ki make jijman, opinyon ak santiman : ak yon Ayiti rad chire, toutouni. Libète tounen flè sonje nan koze malere. Si nou vanse devan se devan pou n’ rete. Boujwa anba pye malere. Se plezi moun ki brav. Se viv pitiman.

-          Figi estil : tèks la chaje ak figi estil ou retorik ladan li.
Nou jwenn 3 metafò :
1.      Youn nan premye paragraf la : libète tounen flè sonje.
2.      Nan dezyèm nan gen youn tou : rale kò dèyè se vole gadyè.
3.      Ak youn nan katriyèm nan : gade solèy nan je se plezi

Gen 3 pèsonifikasyon :
1.      Nan 3èm paragraf la : gen mòn k’ap kanpe.
2.      Nan 5èm paragraf la : Ayiti rad chire, toutouni.
3.      Nan 4èm paragraf la : gade solèy nan je.

Yon alegori nan 3èm liy lan : chen manje chen.
Yon efemis nan 2èm liy lan : nèg ki te tonbe.
Yon pleyonas aksetab nan 7èm liy lan : vanse devan.
Yon litòt nan premye liy lan : nou pap dòmi bliye.
Yon paradòks nan trèzyèm liy lan : dèyè mòn gen mòn.


D-    Aspè sosyolengwistik
-          Rejis / nivo lang : popilè
-          Kategori sosyal : tèks la ekri nan enterè klas popilè a. otè a pran defans moun ki nan klas anba yo, malere yo.
-          Entèferans leksikal : otè a itlize mo kreyòl sèlman. Tèks la pa gen entèferans.
-          Eslogan alamòd : dèyè mòn gen mòn – se twòkèt la chay la dèyè


E-     Opinyon pèsonèl aprè analiz
1)   Enpòtans tèks la : tèks la enpòtan pou sansibilize oubyen fè pran konsyans sou reyalite mas pèp la. Pou fè konprann tout pouvwa pa dwe rete sèlman nan men klas anwo a paske se malere yo ki te goumen pou libète. Yo pa dwe fè bak men si yo vanse devan, devan pou yo rete.
2)   Nivo didaktik tèks la : yo ka itilize tèks sa nan literati tankou nan syans sosyal pou domèn lekòl. Yo ka bay elèv etidye oubyen analize reyalite sosyete a sou baz sa ki di ladan l’ yo.
3)   Nivo kritik tèks la : malgre tèks sa se yon powèm ki fèt san rim, paske yon powèm pa oblije gen rim ladan n’, men mwen remake Jòj Kastra te fè tantativ vèsifikasyon ki pat rive respekte. Li kenbe yon nonm pye ki pontyèl,sètadi 6 liy. Sepandan te gen ase mo lyezon nan tèks la, men li te ranpli ak figi estil, konotasyon elatriye. Tit tèks la pa te vrèman eksprime fen tèks la, men sa ki di nan fen an se rezilta, se konsekans aplikasyon tit la.

Pwofesè : Jean Pierre ANTOINE

samedi 21 janvier 2012

mercredi 11 janvier 2012

Tablo ki rezime tip tèks yo

Fakilte Lengwistik Aplike
Analiz tèks kreyol

Tablo rezime tip tèks yo
Fonksyon
Tèks naratif
Tèks deskriptif
Tèks eksplikatif/enfòmatif
Tèks agimantatif
Tèks enfonktif
-rakonte evènman
-tèks fiksyon(ki chita sou manti)
-fonksyon reyalis/dokimantè
-fonksyon ki sèvi ak senbòl
-kreye yon pòtrè ki egzak epi ki reyèl lektè a rive wè
-kreye yon anbyans
-bay siyal sou sa ki gen pou rive nan rakontay
-bay yon pwa powetik
-fonksyon enfòmatif
-fonksyon ansèyman (didaktik)
-fonksyon nan rakontay (resi), fiksyon : entui yon lektè sou zòn, pote kole pou bay istwa a yon reyalite, ranfòse yon konbinezon/mannèv/entrig (tout ide ki ap mennen yon istwa moun rakonte) , fè wè lojik ki genyen lakay yon pèsonaj.
-defann yon pozisyon
-fonksyon fè bay legen / vag, konsanti/dakò/kite sa… kraze agman lòt moun ak lòt agiman
-fonksyon polemik
-pouse moun fè yon bagay ou gen yon konpòtman
-bay enstriksyon
-mesaj ki jeneral

Karakteristik
Òganizasyon
-tèks kwonoloji
-retounen dèyè kèk fwa
-fè moun ki ap mennen aksyon an parèt klè
-tèks la anchennen parapò ak moun ki wè a
-deplasman nan espas
-pwogresyon ak tèm lineyè
-pwogresyon ki fèt avèk tèm eklate
-pwogresyon ki fèt avèk tèm
-replik/twoke kòn
-rezònman
-konsesyon
-rezònman analojik
-aksyon ki suiv lòd
-enstriksyon ki suiv yon ton ak fonetik
-desen karakteteristik avèk paragraf
Leksik (vokabilè)
Yon pakèt tèm ki la pou moutre tan an epi ki la pou ede wè diskou resi a
-inite nan deskripsyon
-metafò (konparezon) kote yonn suiv lòt
-vakabilè espesyalize
-ranplasman mo : perifraz, konparezon
-konotasyon
-endikatè nivo sètitid : fraz wi kategorik, ezitasyon
-vokabilè presi pi souvan teknik
-fraz kout
Gramè
Prezan narasyon pwonon + vèb (ap, ape , pe) ; pase (te, t ap, t apral/aprale)
-bagay yo kalifye, sa moun ka wè gras ak karakteristik yo ba yo
-prezan
-prezantatif : pwonon/non + ki …
-relasyon lojik
-Premye/dezyèm prono pèsonèl sijè
-prezan, pase
-fraz lòd/kòmandman
-sijè a toujou absan
-fòm negatif pou defann fè yon bagay
Kalite ekriti
-rakontay
-diskou
deskripsyon, pòtrè,liv touristic,piblisite, liv dokimantè
laprès, repòtaj, kontrandi, liv lekòl, ansiklopedi, liv lasyans
diskou politik, esè, liv kritik, piblisite, sèmon, fab, kont filozofik
Reset, mòdanplwa, konsiy, enstriksyon ofisyèl, slogan, priyè


 Pwofesè : Jean Pierre Antoine

mardi 10 janvier 2012

Tipoloji tèks

Fakilte Lengwistik Aplike
Inivèsite Leta Ayiti
Analiz tèks kreyol



Tip tèks

- tip eksplikatif ou enfòmatif: se yon fòm tèks la pran pou anba plim otè a pou li analize yon fenomèn oubyen yon lide pou fè li parèt byen klè. Li ba anpil eksplikasyon ak presizyon. Tèks eksplikatif la kapab didaktif si li gen misyon pou li fè moun kenbe nan tèt li sou yon sot eksplike li a. 

- tip deskriptif : se yon fòm tèks la pran pou li pwodwi yon imaj ke lektè a pa wè, men li ap an mezi pou li imajine san difikilte. Tèks deskriptif la pèmèt lektè imajine aspè yon kote oubyen yon èt anime. Ladan li nou jwenn yo itilize anpil adjektif ak endis ki make kote, elatriye.

- tip agimantatif : se yon fòm tèks la pran pou demontre, pwouve, konvenk oubyen pèsyade. Nan yon tèks agimantatif, otè a ap defann yon tèz pandan li ap bay agiman ak egzanp. Yo rele sa agimantasyon. Pou travay sa ka fèt, otè a sèvis yon seri lyen lojik.
Nou rive fè diferans toua nt :
a)      Demontre : prouve yon bagay alèd de rezònman, ki gen pou zouti agiman lojik ak fè yo.
b)      Konvenk : sèvi ak larezon pou fè yon moun fè yon bagay, se prensipalman bay agiman ki parèt rasyonèl.
c)      Pèsyade : otè a pouse destinatè a dakò nan jwe sou santiman li.


- tip enjonktif : se yon fòm tèks la pran pou li make yon lòd. Ladan li, otè a pouse destinatè a fè yon bagay. Tèks enjonktif la mande destinatè a pou akonpli yon aksyon, aksyon sa ka rezilta yon lòd, yon konsèy, yon menas  osinon yon entèdiksyon.

- tip naratif : se yon tèks kote otè a (naratè a) ap rakonte evènman ki te pase. Nou jwenn li nan woman, kont, fab (lafontèn), fèdivè ak senaryo fim. Li gen endis ki make tan (answit, nan demen). Pifò  vèb yo se vèb daksyon.

Pwofesè : Jean Pierre Antoine